Sakad Vatikan, ki pote non nesans Guy-Dawin Box, se yon atis rap angaje ki soti nan vil Pòdepè, nan depatman Nòdwès Ayiti. Li se yon vwa distenk nan mouvman mizikal kreyòl la, kote li itilize rap kòm yon zouti pou refleksyon sosyal, revandikasyon, epi leve konsyans kolektif.
Sakad Vatikan te atire atansyon piblik la pou premye fwa gras ak mizik “Kri Nòdwès”, yon pyès pwisan ki mete aksan sou neglijans otorite yo ak mizè pèp la apre tranblemanntè 2018 la. Chante sa a te vin tounen yon senbòl batay ak rezistans pou plizyè jèn nan zòn riral ak iben ki idantifye ak mesaj li yo.
Angajman li ak talan li te rekonèt ofisyèlman an 2019, lè li resevwa plizyè prim pandan seremoni FrantzHits Show Awards, tankou:
Pi Bon Rapè
Pi Bon Kolaborasyon Mizikal
Pi Bon Mizik
Katalòg mizikal li gen ladan l yon melanj de mizik reflektif ak son ki touche nanm pèp la. Pami pi gwo tit li yo nou jwenn:
Kri Nòdwès
Prejije (ft. Dyno On Fire)
SakaDinie (Pagen moun ki renmen w pase m)
I L